Font Size
Mak 12:41-44
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Mak 12:41-44
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Yon vèv montre kisa yon vrè ofrann ye
(Lik 21:1-4)
41 Apre sa, Jezi te chita anfas bwat[a] kote yo te mete ofrann lajan nan tanp lan, li t ap gade kijan moun yo t ap depoze lajan. Te gen anpil moun rich ki te depoze anpil lajan. 42 Men te vin gen yon pòv vèv ki mete de ti pyès kuiv ki te vo kèk santim konsa.
43 Jezi rele disip yo, li di yo: “Anverite, m ap di nou, pòv vèv sa a mete plis nan ofrann nan pase tout lòt moun yo. 44 Paske lòt moun yo mete nan sa yo gen anplis, men li menm, malgre mizè li, li bay tout sa l te genyen pou l viv.”
Read full chapterFootnotes
- 12:41 bwat Se te yon seri bwat anbwonz yo te mete kote moun yo te konn adore. Se nan bwat sa yo moun yo te konn mete ofrann yo pote pou Bondye.
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Copyright © 2017 by Bible League International